In the News

PATI DEMOKRATIK NAN FLORID Sipòte Manm Nan Kongrè Pou Yon Misyon Oumanitè Pou Ayiti.

“Ayiti nan yon eta ijans,” te deklare Prezidan FDP Nikki Fried. “Dapre Dènye evènman yo, Demokrat Florida te patisipe nan yon apèl telefon dirije pa yon delegasyon mann kongrè ki mande pou lidè nan Washigton yo, fe yon rankont espesyal sou kriz an Ayiti a, yo mande tou pou gouvènè Ron DeSantis genyen Kòmpasyon pou Ayisyen.  Nou dwe aji kounye a pou bay rekomandasyon politik ak ede pèp ayisyen an.”

Nou di gouvènè a “Olye lap depanse dola taks nou, pou peye veye Ayisyen kap cheche rantre, pati kite Ayiti, nou mande’l mete tet ansanm avek nou, pou kondane vyolans yo, plede pou solisyon ki pral estabilize peyi a, ak sipò pou yon tranzisyon demokratik an Ayiti.

Nan tan sila, kote vyolans ak dezòd vin pi grav nan peyi Ayiti, nou renouvle angajman nou, pou nou rete solidè ak pèp ayisyen an, ak kominote sila nan Florid, ki ap soufri pandan ke anpil nan fanmi yo nan mitan tout pwoblèm sa yo. Nou rekòmande pou aksyon pran pou retabli lapè.”

Stay in Touch