In the News

PATI DEMOKRATIC FLORID AP SELEBRE JOU DRAPO

18 Me Se Fèt Drapo Ayisyen, Selebrasyon Kreyasyon Drapo Ayisyen an, pandan revolisyon an 1803. Lan Jou Sa, Pati Demokratic Florid la ap fe deklarasyon sa: 

Plis pase 200 ane de sa, pèp Ayiti ki te an esklavaj leve kont opresyon epi goumen pou yon nouvo peyi ak yon nouvo drapo — aksyon sila, yo rekonèt li jodi a kòm youn nan mouvman liberasyon ki pi enpòtan nan istwa. Nan 221yèm Jou Drapo Ayisyen sa a, Demokrat lan Florid yo selebre dyaspora Ayisyen ak tout kontribisyon yo nan lavi ak kilti nan eta nou an.

Menm jan Ayiti ak Amerik ap konfwonte divizyon politik ki mete doute sou lavni nou yo, nap mande nou tout sonje pawòl yo ki ekri sou drapo Ayisyen an — ”L’union fait la force” — epi konnen ke nou pi fò lè nou ansanm nan goumen pou libète. Mwen swete ke drapo sa a kontinye enspire Ayisyen atravè mond lan pou goumen pou libète ak espwa nan tout sitiyasyon.”

Stay in Touch